Psalms 80

למנצח אל ששנים עדות לאסף מזמור רעה ישראל האזינה נהג כצאן יוסף ישב הכרובים הופיעה׃
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf.
לפני אפרים ובנימן ומנשה עוררה את גבורתך ולכה לישעתה לנו׃
Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
אלהים השיבנו והאר פניך ונושעה׃
Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
יהוה אלהים צבאות עד מתי עשנת בתפלת עמך׃
Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
האכלתם לחם דמעה ותשקמו בדמעות שליש׃
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
תשימנו מדון לשכנינו ואיבינו ילעגו למו׃
Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
אלהים צבאות השיבנו והאר פניך ונושעה׃
Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
גפן ממצרים תסיע תגרש גוים ותטעה׃
Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
פנית לפניה ותשרש שרשיה ותמלא ארץ׃
Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
כסו הרים צלה וענפיה ארזי אל׃
Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
תשלח קצירה עד ים ואל נהר יונקותיה׃
Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
למה פרצת גדריה וארוה כל עברי דרך׃
Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
יכרסמנה חזיר מיער וזיז שדי ירענה׃
Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
אלהים צבאות שוב נא הבט משמים וראה ופקד גפן זאת׃
Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
וכנה אשר נטעה ימינך ועל בן אמצתה לך׃
Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
שרפה באש כסוחה מגערת פניך יאבדו׃
vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
תהי ידך על איש ימינך על בן אדם אמצת לך׃
Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
ולא נסוג ממך תחינו ובשמך נקרא׃
Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
יהוה אלהים צבאות השיבנו האר פניך ונושעה׃
Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!