Psalms 71

בך יהוה חסיתי אל אבושה לעולם׃
Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!
בצדקתך תצילני ותפלטני הטה אלי אזנך והושיעני׃
Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!
היה לי לצור מעון לבוא תמיד צוית להושיעני כי סלעי ומצודתי אתה׃
Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.
אלהי פלטני מיד רשע מכף מעול וחומץ׃
Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo.
כי אתה תקותי אדני יהוה מבטחי מנעורי׃
Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.
עליך נסמכתי מבטן ממעי אמי אתה גוזי בך תהלתי תמיד׃
Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
כמופת הייתי לרבים ואתה מחסי עז׃
Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.
ימלא פי תהלתך כל היום תפארתך׃
Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.
אל תשליכני לעת זקנה ככלות כחי אל תעזבני׃
Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'.
כי אמרו אויבי לי ושמרי נפשי נועצו יחדו׃
Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.
לאמר אלהים עזבו רדפו ותפשוהו כי אין מציל׃
Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.
אלהים אל תרחק ממני אלהי לעזרתי חישה׃
Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.
יבשו יכלו שטני נפשי יעטו חרפה וכלמה מבקשי רעתי׃
Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
ואני תמיד איחל והוספתי על כל תהלתך׃
M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
פי יספר צדקתך כל היום תשועתך כי לא ידעתי ספרות׃
M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
אבוא בגברות אדני יהוה אזכיר צדקתך לבדך׃
Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.
אלהים למדתני מנעורי ועד הנה אגיד נפלאותיך׃
Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
וגם עד זקנה ושיבה אלהים אל תעזבני עד אגיד זרועך לדור לכל יבוא גבורתך׃
Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,
וצדקתך אלהים עד מרום אשר עשית גדלות אלהים מי כמוך׃
jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!
אשר הראיתנו צרות רבות ורעות תשוב תחיינו ומתהמות הארץ תשוב תעלני׃
Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.
תרב גדלתי ותסב תנחמני׃
W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.
גם אני אודך בכלי נבל אמתך אלהי אזמרה לך בכנור קדוש ישראל׃
Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.
תרננה שפתי כי אזמרה לך ונפשי אשר פדית׃
M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.
גם לשוני כל היום תהגה צדקתך כי בשו כי חפרו מבקשי רעתי׃
Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.