Psalms 46

למנצח לבני קרח על עלמות שיר אלהים לנו מחסה ועז עזרה בצרות נמצא מאד׃
Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman.
על כן לא נירא בהמיר ארץ ובמוט הרים בלב ימים׃
Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
יהמו יחמרו מימיו ירעשו הרים בגאותו סלה׃
Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
נהר פלגיו ישמחו עיר אלהים קדש משכני עליון׃
Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
אלהים בקרבה בל תמוט יעזרה אלהים לפנות בקר׃
Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
המו גוים מטו ממלכות נתן בקולו תמוג ארץ׃
Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
יהוה צבאות עמנו משגב לנו אלהי יעקב סלה׃
Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
לכו חזו מפעלות יהוה אשר שם שמות בארץ׃
Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
משבית מלחמות עד קצה הארץ קשת ישבר וקצץ חנית עגלות ישרף באש׃
Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
הרפו ודעו כי אנכי אלהים ארום בגוים ארום בארץ׃
Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
יהוה צבאות עמנו משגב לנו אלהי יעקב סלה׃
Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè. Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!