Psalms 21

למנצח מזמור לדוד יהוה בעזך ישמח מלך ובישועתך מה יגיל מאד׃
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
תאות לבו נתתה לו וארשת שפתיו בל מנעת סלה׃
Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
כי תקדמנו ברכות טוב תשית לראשו עטרת פז׃
Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.
חיים שאל ממך נתתה לו ארך ימים עולם ועד׃
Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
גדול כבודו בישועתך הוד והדר תשוה עליו׃
Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
כי תשיתהו ברכות לעד תחדהו בשמחה את פניך׃
Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
כי המלך בטח ביהוה ובחסד עליון בל ימוט׃
Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
תמצא ידך לכל איביך ימינך תמצא שנאיך׃
Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
תשיתמו כתנור אש לעת פניך יהוה באפו יבלעם ותאכלם אש׃
Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.
פרימו מארץ תאבד וזרעם מבני אדם׃
Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
כי נטו עליך רעה חשבו מזמה בל יוכלו׃
W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.
כי תשיתמו שכם במיתריך תכונן על פניהם׃
Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.
רומה יהוה בעזך נשירה ונזמרה גבורתך׃
L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale. Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!