Psalms 149

הללו יה שירו ליהוה שיר חדש תהלתו בקהל חסידים׃
Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
ישמח ישראל בעשיו בני ציון יגילו במלכם׃
Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
יהללו שמו במחול בתף וכנור יזמרו לו׃
Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
כי רוצה יהוה בעמו יפאר ענוים בישועה׃
Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
יעלזו חסידים בכבוד ירננו על משכבותם׃
Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
רוממות אל בגרונם וחרב פיפיות בידם׃
Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
לעשות נקמה בגוים תוכחת בל אמים׃
pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,
לאסר מלכיהם בזקים ונכבדיהם בכבלי ברזל׃
pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,
לעשות בהם משפט כתוב הדר הוא לכל חסידיו הללו יה׃
pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!