Psalms 150

הללו יה הללו אל בקדשו הללוהו ברקיע עזו׃
Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!
הללוהו בגבורתיו הללוהו כרב גדלו׃
Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
הללוהו בתקע שופר הללוהו בנבל וכנור׃
Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
הללוהו בתף ומחול הללוהו במנים ועוגב׃
Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!
הללוהו בצלצלי שמע הללוהו בצלצלי תרועה׃
Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!
כל הנשמה תהלל יה הללו יה׃
Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!