Psalms 148

Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
הללו יה הללו את יהוה מן השמים הללוהו במרומים׃
Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.
הללוהו כל מלאכיו הללוהו כל צבאו׃
Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
הללוהו שמש וירח הללוהו כל כוכבי אור׃
Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
הללוהו שמי השמים והמים אשר מעל השמים׃
Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
יהללו את שם יהוה כי הוא צוה ונבראו׃
Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.
ויעמידם לעד לעולם חק נתן ולא יעבור׃
Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,
הללו את יהוה מן הארץ תנינים וכל תהמות׃
dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,
אש וברד שלג וקיטור רוח סערה עשה דברו׃
gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,
ההרים וכל גבעות עץ פרי וכל ארזים׃
tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.
החיה וכל בהמה רמש וצפור כנף׃
Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,
מלכי ארץ וכל לאמים שרים וכל שפטי ארץ׃
jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.
בחורים וגם בתולות זקנים עם נערים׃
Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
יהללו את שם יהוה כי נשגב שמו לבדו הודו על ארץ ושמים׃
Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!
וירם קרן לעמו תהלה לכל חסידיו לבני ישראל עם קרבו הללו יה׃