Genesis 32

Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.
ויעקב הלך לדרכו ויפגעו בו מלאכי אלהים׃
Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.
ויאמר יעקב כאשר ראם מחנה אלהים זה ויקרא שם המקום ההוא מחנים׃
Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
וישלח יעקב מלאכים לפניו אל עשו אחיו ארצה שעיר שדה אדום׃
Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
ויצו אתם לאמר כה תאמרון לאדני לעשו כה אמר עבדך יעקב עם לבן גרתי ואחר עד עתה׃
Li gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l'.
ויהי לי שור וחמור צאן ועבד ושפחה ואשלחה להגיד לאדני למצא חן בעיניך׃
Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l': -Nou t ale kote Ezaou, frè ou la. Koulye a li gen tan sou wout pou l' vin kontre ou. Li gen katsan (400) moun ak li.
וישבו המלאכים אל יעקב לאמר באנו אל אחיך אל עשו וגם הלך לקראתך וארבע מאות איש עמו׃
Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo.
ויירא יעקב מאד ויצר לו ויחץ את העם אשר אתו ואת הצאן ואת הבקר והגמלים לשני מחנות׃
Li t'ap di nan kè l': -Si Ezaou vin atake yon pòsyon, lòt pòsyon an va gen tan chape.
ויאמר אם יבוא עשו אל המחנה האחת והכהו והיה המחנה הנשאר לפליטה׃
Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.
ויאמר יעקב אלהי אבי אברהם ואלהי אבי יצחק יהוה האמר אלי שוב לארצך ולמולדתך ואיטיבה עמך׃
Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.
קטנתי מכל החסדים ומכל האמת אשר עשית את עבדך כי במקלי עברתי את הירדן הזה ועתה הייתי לשני מחנות׃
Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo.
הצילני נא מיד אחי מיד עשו כי ירא אנכי אתו פן יבוא והכני אם על בנים׃
Chonje sa ou te di m' lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.
ואתה אמרת היטב איטיב עמך ושמתי את זרעך כחול הים אשר לא יספר מרב׃
Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado.
וילן שם בלילה ההוא ויקח מן הבא בידו מנחה לעשו אחיו׃
Li pran desan (200) fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye,
עזים מאתים ותישים עשרים רחלים מאתים ואילים עשרים׃
trant fenmèl chamo nouris ak tout ti chamo yo dèyè yo, karant manman bèf, dis towo, vin fenmèl bourik ak dis mal bourik.
גמלים מיניקות ובניהם שלשים פרות ארבעים ופרים עשרה אתנת עשרים ועירם עשרה׃
Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: -Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l' yo ak bèt ki devan l' yo.
ויתן ביד עבדיו עדר עדר לבדו ויאמר אל עבדיו עברו לפני ורוח תשימו בין עדר ובין עדר׃
Epi li pase premye a lòd sa a: -Lè Ezaou, frè m' lan, va kontre ou, l'ap mande ou: Kilès ki mèt ou? Kote ou prale? Pou ki moun bèt sa yo w'ap pouse devan ou konsa a?
ויצו את הראשון לאמר כי יפגשך עשו אחי ושאלך לאמר למי אתה ואנה תלך ולמי אלה לפניך׃
W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.
ואמרת לעבדך ליעקב מנחה הוא שלוחה לאדני לעשו והנה גם הוא אחרינו׃
Li pase dezyèm lan, twazyèm lan ak tout lòt moun ki t'ap mache dèyè bèt yo menm lòd la. -Men sa nou gen pou n' di Ezaou, lè nou kontre l'.
ויצו גם את השני גם את השלישי גם את כל ההלכים אחרי העדרים לאמר כדבר הזה תדברון אל עשו במצאכם אתו׃
Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.
ואמרתם גם הנה עבדך יעקב אחרינו כי אמר אכפרה פניו במנחה ההלכת לפני ואחרי כן אראה פניו אולי ישא פני׃
Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l' te ye a.
ותעבר המנחה על פניו והוא לן בלילה ההוא במחנה׃
Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la.
ויקם בלילה הוא ויקח את שתי נשיו ואת שתי שפחתיו ואת אחד עשר ילדיו ויעבר את מעבר יבק׃
Apre li fin fè yo janbe larivyè a, li fè janbe tout sa li te genyen tou.
ויקחם ויעברם את הנחל ויעבר את אשר לו׃
Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
ויותר יעקב לבדו ויאבק איש עמו עד עלות השחר׃
Lè nonm lan wè li pa t' ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l'. Se konsa zo ren l' dejwente pandan yo t'ap goumen an.
וירא כי לא יכל לו ויגע בכף ירכו ותקע כף ירך יעקב בהאבקו עמו׃
Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.
ויאמר שלחני כי עלה השחר ויאמר לא אשלחך כי אם ברכתני׃
Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb.
ויאמר אליו מה שמך ויאמר יעקב׃
Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
ויאמר לא יעקב יאמר עוד שמך כי אם ישראל כי שרית עם אלהים ועם אנשים ותוכל׃
Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb.
וישאל יעקב ויאמר הגידה נא שמך ויאמר למה זה תשאל לשמי ויברך אתו שם׃
Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
ויקרא יעקב שם המקום פניאל כי ראיתי אלהים פנים אל פנים ותנצל נפשי׃
Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.
ויזרח לו השמש כאשר עבר את פנואל והוא צלע על ירכו׃
Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.
על כן לא יאכלו בני ישראל את גיד הנשה אשר על כף הירך עד היום הזה כי נגע בכף ירך יעקב בגיד הנשה׃