Galatians 1

Paulus apostolus non ab hominibus neque per hominem sed per Iesum Christum et Deum Patrem qui suscitavit eum a mortuis
Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa t' voye yon moun chwazi m', men se Jezikri menm ki te chwazi m' pou sèvi apòt, ansanm ak Bondye Papa a ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.
et qui mecum sunt omnes fratres ecclesiis Galatiae
Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m' pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo.
gratia vobis et pax a Deo Patre et Domino nostro Iesu Christo
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
qui dedit semet ipsum pro peccatis nostris ut eriperet nos de praesenti saeculo nequam secundum voluntatem Dei et Patris nostri
Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l' te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a.
cui est gloria in saecula saeculorum amen
Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
miror quod sic tam cito transferimini ab eo qui vos vocavit in gratiam Christi in aliud evangelium
Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' al swiv yon lòt kalite bon nouvèl.
quod non est aliud nisi sunt aliqui qui vos conturbant et volunt convertere evangelium Christi
Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.
sed licet nos aut angelus de caelo evangelizet vobis praeterquam quod evangelizavimus vobis anathema sit
Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li!
sicut praediximus et nunc iterum dico si quis vobis evangelizaverit praeter id quod accepistis anathema sit
Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!
modo enim hominibus suadeo aut Deo aut quaero hominibus placere si adhuc hominibus placerem Christi servus non essem
Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
notum enim vobis facio fratres evangelium quod evangelizatum est a me quia non est secundum hominem
M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun.
neque enim ego ab homine accepi illud neque didici sed per revelationem Iesu Christi
Paske mwen menm, mwen pa t' resevwa l' nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m' li. Men, se Jezikri menm ki te fè m' konnen li.
audistis enim conversationem meam aliquando in iudaismo quoniam supra modum persequebar ecclesiam Dei et expugnabam illam
Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li.
et proficiebam in iudaismo supra multos coetaneos in genere meo abundantius aemulator existens paternarum mearum traditionum
Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo.
cum autem placuit ei qui me segregavit de utero matris meae et vocavit per gratiam suam
Men, Bondye fè m' favè l', li mete m' apa depi nan vant manman m', li rele m' pou m' te ka sèvi li.
ut revelaret Filium suum in me ut evangelizarem illum in gentibus continuo non adquievi carni et sanguini
Konsa, lè se te lide l' pou l' te fè m' konnen Pitit li a, pou m' te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t' al mande pesonn konsèy.
neque veni Hierosolyma ad antecessores meos apostolos sed abii in Arabiam et iterum reversus sum Damascum
Mwen pa t' moute Jerizalèm non plis pou m' al wè moun ki te apòt anvan m' yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m' lavil Damas.
deinde post annos tres veni Hierosolyma videre Petrum et mansi apud eum diebus quindecim
Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m' te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li.
alium autem apostolorum vidi neminem nisi Iacobum fratrem Domini
Lè sa a, mwen pa t' wè okenn nan lòt apòt yo, esepte Jak, frè Seyè a.
quae autem scribo vobis ecce coram Deo quia non mentior
Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti.
deinde veni in partes Syriae et Ciliciae
Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi.
eram autem ignotus facie ecclesiis Iudaeae quae erant in Christo
Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pa t' ankò rekonèt mwen.
tantum autem auditum habebant quoniam qui persequebatur nos aliquando nunc evangelizat fidem quam aliquando expugnabat
Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pesekite nou nan tan lontan an, koulye a men l'ap mache anonse bon nouvèl li te vle kraze a.
et in me clarificabant Deum
Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.