Psalms 97

יהוה מלך תגל הארץ ישמחו איים רבים׃
Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
ענן וערפל סביביו צדק ומשפט מכון כסאו׃
Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
אש לפניו תלך ותלהט סביב צריו׃
Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
האירו ברקיו תבל ראתה ותחל הארץ׃
Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
הרים כדונג נמסו מלפני יהוה מלפני אדון כל הארץ׃
Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
הגידו השמים צדקו וראו כל העמים כבודו׃
Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
יבשו כל עבדי פסל המתהללים באלילים השתחוו לו כל אלהים׃
Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
שמעה ותשמח ציון ותגלנה בנות יהודה למען משפטיך יהוה׃
Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
כי אתה יהוה עליון על כל הארץ מאד נעלית על כל אלהים׃
Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
אהבי יהוה שנאו רע שמר נפשות חסידיו מיד רשעים יצילם׃
Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
אור זרע לצדיק ולישרי לב שמחה׃
Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
שמחו צדיקים ביהוה והודו לזכר קדשו׃
Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.