Psalms 48

שיר מזמור לבני קרח גדול יהוה ומהלל מאד בעיר אלהינו הר קדשו׃
Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo.
יפה נוף משוש כל הארץ הר ציון ירכתי צפון קרית מלך רב׃
Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
אלהים בארמנותיה נודע למשגב׃
Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
כי הנה המלכים נועדו עברו יחדו׃
Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
המה ראו כן תמהו נבהלו נחפזו׃
Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
רעדה אחזתם שם חיל כיולדה׃
Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
ברוח קדים תשבר אניות תרשיש׃
Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
כאשר שמענו כן ראינו בעיר יהוה צבאות בעיר אלהינו אלהים יכוננה עד עולם סלה׃
tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
דמינו אלהים חסדך בקרב היכלך׃
Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
כשמך אלהים כן תהלתך על קצוי ארץ צדק מלאה ימינך׃
Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
ישמח הר ציון תגלנה בנות יהודה למען משפטיך׃
Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
סבו ציון והקיפוה ספרו מגדליה׃
Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
שיתו לבכם לחילה פסגו ארמנותיה למען תספרו לדור אחרון׃
Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
כי זה אלהים אלהינו עולם ועד הוא ינהגנו על מות׃
Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.