Psalms 111

הללו יה אודה יהוה בכל לבב בסוד ישרים ועדה׃
Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
גדלים מעשי יהוה דרושים לכל חפציהם׃
Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
הוד והדר פעלו וצדקתו עמדת לעד׃
Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.
זכר עשה לנפלאתיו חנון ורחום יהוה׃
Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.
טרף נתן ליראיו יזכר לעולם בריתו׃
Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.
כח מעשיו הגיד לעמו לתת להם נחלת גוים׃
Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
מעשי ידיו אמת ומשפט נאמנים כל פקודיו׃
L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
סמוכים לעד לעולם עשוים באמת וישר׃
Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
פדות שלח לעמו צוה לעולם בריתו קדוש ונורא שמו׃
Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!
ראשית חכמה יראת יהוה שכל טוב לכל עשיהם תהלתו עמדת לעד׃
Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.