Hebrews 5

כי כל כהן גדול הלקוח מתוך בני אדם מפקד הוא בעבור בני אדם בעניני אלהים להקריב מנחה וזבח על החטאים׃
Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.
והוא יכול לחמל על השגגים והתעים בהיותו גם הוא ידוע חלי׃
Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen.
אשר על כן חיב להקריב על החטאים גם בעד העם גם בעד נפשו׃
Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb.
ואת הגדלה הזאת לא יקח איש לעצמו רק הקרוא לה מאת האלהים כמו אהרן׃
Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.
כן גם המשיח לא כבד את עצמו להיות כהן גדול כי אם האמר אליו בני אתה אני היום ילדתיך׃
Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou.
כמו שאמר גם במקום אחר אתה כהן לעולם על דברתי מלכי צדק׃
Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.
אשר בימי היותו בבשר הקריב תפלות ותחנונים בצעקה גדולה ובדעות לפני מי שיכול להושיעו ממות ויעתר לו מפני יראתו׃
Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.
ואף כי היה הבן למד מענותו לשמוע׃
Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.
ואחרי אשר השלם היה ממציא תשועת עולמים לכל שמעיו׃
Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,
והאלהים קרא לו כהן גדול על דברתי מלכי צדק׃
paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.
על זאת יש לנו לדבר הרבה וקשות לבאר לכם במלין יען כי כבדו אזניכם׃
Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.
כי תחת אשר היה ראוי לכם לפי ארך הזמן להיות מלמדים עתה מן הצרך לשוב וללמד אתכם עקרי ראשית דברי אלהים ונצרכתם לחלב ולא למאכל בריא׃
Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.
כי כל אשר מאכלו חלב איננו מבין בדבר צדק כי עודנו עולל׃
Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.
אך לשלמים המאכל הבריא אשר על פי ההרגל יש להם חושים מנסים להבדיל בין טוב לרע׃
Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.