I Timothy 5

אל תגער בזקן כי אם תזהירנו כאב לך ואת הצעירים כאחים׃
Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou;
את הזקנות כאמות ואת הצעירות כאחיות ובכל טהרה׃
ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.
כבד את האלמנות אשר באמת אלמנות הנה׃
Pran swen vèv ki vèv tout bon yo.
וכי יהיו לאלמנה בנים או בני בנים הם ילמדו לראשונה לעשות חסד עם ביתם ולשלם גמול לאבותם כי זה הוא טוב ורצוי לפני האלהים׃
Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.
אבל האלמנה באמת אשר נשארה יחידה שמה אלהים מבטחה ומתמדת בתפלות ובתחנות לילה ויומם׃
Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pesonn pou okipe l', li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l' konkou lajounen kou lannwit.
אך המענגה מתה היא בחייה׃
Men, yon vèv ki lage kò l' nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l' vivan toujou.
וזאת תצוה למען תהיינה בלא דפי׃
Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.
אבל מי שלא יפרנס את קרוביו וביותר את בני ביתו כפר באמונה והוא גרוע מאשר איננו מאמין׃
Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
אלמנה אל תבחר זולתי בת ששים שנה ואשר היתה אשת איש אחד׃
Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sèl fwa.
ויש לה עדות על מעשיה הטובים שגדלה בנים והכניסה ארחים ירחצה את רגלי הקדשים ותמכה את העשוקים ורדפה כל מעשה טוב׃
Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pèp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fè tout lòt kalite byen.
אבל האלמנות הצעירות אל תקבל כי בהטות יצרן את לבן מן המשיח חשקות הן להיות לאיש׃
Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la.
ודינן עליהן כי בגדו באמונתן הראשונה׃
Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l' la.
ועוד בהיותן עצלות למדו לשוטט מבית לבית ולא לבד עצלות כי אף מפטפטות ורדפות אחר חדשות ומדברות את אשר לא יתכן׃
Apre sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo.
על כן רצוני כי הצעירות תהיינה לאיש ללדת בנים ולהנהיג את בתיהן ולא לתת לאיב תאנה לחרף׃
Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal.
כי יש מהן אשר כבר סרו אחרי השטן׃
Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan.
בן אמונה או בת אמונה שיש להם אלמנות יעזרו אתן ולא תהיינה למשא על הקהל כדי שיוכל להספיק לאלה אשר הנה אלמנות באמת׃
Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon vèv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.
הזקנים המיטיבים לנהל ראוים הם למשנה כבוד וביותר העמלים בדבר ובהוראה׃
Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.
כי הכתוב אמר לא תחסם שור בדישו ועוד נאמר הפעל שוה בשכרו׃
Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li.
אל תקבל שטנה על הזקן בלתי אם על פי שנים או שלשה עדים׃
Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.
את החטאים תוכיח בפני כל למען ייראו גם האחרים׃
Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
הנני מעיד בך נגד האלהים ואדנינו ישוע המשיח ונגד בחירי המלאכים אשר שמור תשמר את זאת בלי משפט נמהר ולא תעשה דבר במשא פנים׃
Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè.
אל תהי נמהר בסמיכת ידיך על אדם ולא תשתתף לחטאת אחרים שמר את נפשך בטהרה׃
Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.
אל תרבה לשתות עוד מים כי אם קח מעט יין בעבור בטנך ואשר פעמים רבות חלה אתה׃
Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.
יש בני אדם אשר חטאתיהם גלויות ומקדימות לדין ויש מהם אשר הנה הלכות אחריהם׃
Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal.
וככה גם המעשים הטובים גלוים המה ואשר אינם כן לא יוכלו להסתר׃
Konsa tou, tout byen yon moun fè gen pou parèt aklè, menm sa ou pa wè lapoula. Yo pa ka rete kache.