Psalms 58

Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David.
למנצח אל תשחת לדוד מכתם האמנם אלם צדק תדברון מישרים תשפטו בני אדם׃
Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
אף בלב עולת תפעלון בארץ חמס ידיכם תפלסון׃
Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.
זרו רשעים מרחם תעו מבטן דברי כזב׃
Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
חמת למו כדמות חמת נחש כמו פתן חרש יאטם אזנו׃
Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,
אשר לא ישמע לקול מלחשים חובר חברים מחכם׃
ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.
אלהים הרס שנימו בפימו מלתעות כפירים נתץ יהוה׃
Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!
ימאסו כמו מים יתהלכו למו ידרך חצו כמו יתמללו׃
Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.
כמו שבלול תמס יהלך נפל אשת בל חזו שמש׃
Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.
בטרם יבינו סירתיכם אטד כמו חי כמו חרון ישערנו׃
Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.
ישמח צדיק כי חזה נקם פעמיו ירחץ בדם הרשע׃
Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo. Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
ויאמר אדם אך פרי לצדיק אך יש אלהים שפטים בארץ׃