Psalms 57

Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'.
למנצח אל תשחת לדוד מכתם בברחו מפני שאול במערה חנני אלהים חנני כי בך חסיה נפשי ובצל כנפיך אחסה עד יעבר הוות׃
Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
אקרא לאלהים עליון לאל גמר עלי׃
M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
ישלח משמים ויושיעני חרף שאפי סלה ישלח אלהים חסדו ואמתו׃
L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.
נפשי בתוך לבאם אשכבה להטים בני אדם שניהם חנית וחצים ולשונם חרב חדה׃
Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
רומה על השמים אלהים על כל הארץ כבודך׃
Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
רשת הכינו לפעמי כפף נפשי כרו לפני שיחה נפלו בתוכה סלה׃
Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
נכון לבי אלהים נכון לבי אשירה ואזמרה׃
Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
עורה כבודי עורה הנבל וכנור אעירה שחר׃
M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!
אודך בעמים אדני אזמרך בל אמים׃
Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
כי גדל עד שמים חסדך ועד שחקים אמתך׃
Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
רומה על שמים אלהים על כל הארץ כבודך׃