Psalms 86

Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
(大卫的祈祷。)耶和华啊,求你侧耳应允我,因我是困苦穷乏的。
Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
求你保存我的性命,因我是虔诚人。我的 神啊,求你拯救这倚靠你的仆人!
Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
主啊,求你怜悯我,因我终日求告你。
Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
主啊,求你使仆人心里欢喜,因为我的心仰望你。
Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
主啊,你本为良善,乐意饶恕人,有丰盛的慈爱赐给凡求告你的人。
Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
耶和华啊,求你留心听我的祷告,垂听我恳求的声音。
Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
我在患难之日要求告你,因为你必应允我。
Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
主啊,诸神之中没有可比你的;你的作为也无可比。
Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
主啊,你所造的万民都要来敬拜你;他们也要荣耀你的名。
paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.
因你为大,且行奇妙的事;惟独你是 神。
Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif.
耶和华啊,求你将你的道指教我;我要照你的真理行;求你使我专心敬畏你的名!
Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
主─我的 神啊,我要一心称讚你;我要荣耀你的名,直到永远。
Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.
因为,你向我发的慈爱是大的;你救了我的灵魂免入极深的阴间。
Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
 神啊,骄傲的人起来攻击我,又有一党强横的人寻索我的命;他们没有将你放在眼中。
Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
主啊,你是有怜悯有恩典的 神,不轻易发怒,并有丰盛的慈爱和诚实。
Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou.
求你向我转脸,怜恤我,将你的力量赐给仆人,救你婢女的儿子。
Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!
求你向我显出恩待我的凭据,叫恨我的人看见便羞愧,因为你─耶和华帮助我,安慰我。