Genesis 38

Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.
那时,犹大离开他弟兄下去,到一个亚杜兰人名叫希拉的家里去。
Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l'.
犹大在那里看见一个迦南人名叫书亚的女儿,就娶她为妻,与她同房,
Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er.
她就怀孕生了儿子,犹大给他起名叫珥。
Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan.
她又怀孕生了儿子,母亲给他起名叫俄南。
Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l' Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela.
她复又生了儿子,给他起名叫示拉。她生示拉的时候,犹大正在基悉。
Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l' lan.
犹大为长子珥娶妻,名叫她玛。
Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri.
犹大的长子珥在耶和华眼中看为恶,耶和华就叫他死了。
Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.
犹大对俄南说:「你当与你哥哥的妻子同房,向她尽你为弟的本分,为你哥哥生子立后。」
Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a.
俄南知道生子不归自己,所以同房的时候便遗在地,免得给他哥哥留后。
Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.
俄南所做的在耶和华眼中看为恶,耶和华也就叫他死了。
Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
犹大心里说:「恐怕示拉也死,像他两个哥哥一样」,就对他儿妇她玛说:「你去,在你父亲家里守寡,等我儿子示拉长大。」她玛就回去,住在她父亲家里。
Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li.
过了许久,犹大的妻子书亚的女儿死了。犹大得了安慰,就和他朋友亚杜兰人希拉上亭拿去,到他剪羊毛的人那里。
Yo fè Tama konn sa, yo di l': -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l' fè taye lenn mouton li yo.
有人告诉她玛说:「你的公公上亭拿剪羊毛去了。」
Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.
她玛见示拉已经长大,还没有娶她为妻,就脱了她作寡妇的衣裳,用帕子蒙著脸,又遮住身体,坐在亭拿路上的伊拿印城门口。
Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri.
犹大看见她,以为是妓女,因为她蒙著脸。
li al jwenn li bò chemen an, li di l': -vin non. Kite m' kouche avè ou. Li pa t' konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w'ap ban mwen pou m' kite ou kouche avè m'.
犹大就转到她那里去,说:「来吧!让我与你同寝。」他原不知道是他的儿妇。她玛说:「你要与我同寝,把什么给我呢?」
Jida reponn li: -m'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w'a ban m' kenbe jouk ou voye l' ban mwen.
犹大说:「我从羊群里取一只山羊羔,打发人送来给你。」她玛说:「在未送以先,你愿意给我一个当头吗?」
Jida reponn li: -Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li.
他说:「我给你什么当头呢?」她玛说:「你的印、你的带子,和你手里的杖。」犹大就给了她,与她同寝,她就从犹大怀了孕。
Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò.
她玛起来走了,除去帕子,仍旧穿上作寡妇的衣裳。
Jida voye zanmi l', moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l' te ka reprann sa l' te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l' lan pa t' kapab jwenn fanm lan.
犹大托他朋友亚杜兰人送一只山羊羔去,要从那女人手里取回当头来,却找不著她,
Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la.
就问那地方的人说:「伊拿印路旁的妓女在那里?」他们说:「这里并没有妓女。」
Li tounen al jwenn Jida, li di l': -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m' pa janm gen ankenn jennès bò la.
他回去见犹大说:「我没有找著她,并且那地方的人说:『这里没有妓女。』」
Jida di l': -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l' lan. Moun va pase m' nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!
犹大说:「我把这山羊羔送去了,你竟找不著她。任凭她拿去吧,免得我们被羞辱。」
Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri.
约过了三个月,有人告诉犹大说:「你的儿妇她玛作了妓女,且因行淫有了身孕。」犹大说:「拉出她来,把她烧了!」
Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a?
她玛被拉出来的时候便打发人去见他公公,对他说:「这些东西是谁的,我就是从谁怀的孕。请你认一认,这印和带子并杖都是谁的?」
Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò.
犹大承认说:「她比我更有义,因为我没有将她给我的儿子示拉。」从此犹大不再与她同寝了。
Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li.
她玛将要生产,不料她腹里是一对双生。
Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l' deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l'. Li di: -Sa a fèt anvan.
到生产的时候,一个孩子伸出一只手来;收生婆拿红线拴在他手上,说:「这是头生的。」
Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l' Perèz.
随后这孩子把手收回去,他哥哥生出来了;收生婆说:「你为什么抢著来呢?」因此给他起名叫法勒斯。
Apre sa, frè li a soti ak fil wouj la mare nan men l'. Yo rele l' Zerak.
后来,他兄弟那手上有红线的也生出来,就给他起名叫谢拉。