Psalms 62

למנצח על ידותון מזמור לדוד אך אל אלהים דומיה נפשי ממנו ישועתי׃
Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David.
אך הוא צורי וישועתי משגבי לא אמוט רבה׃
Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
עד אנה תהותתו על איש תרצחו כלכם כקיר נטוי גדר הדחויה׃
Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
אך משאתו יעצו להדיח ירצו כזב בפיו יברכו ובקרבם יקללו סלה׃
Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
אך לאלהים דומי נפשי כי ממנו תקותי׃
Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
אך הוא צורי וישועתי משגבי לא אמוט׃
Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
על אלהים ישעי וכבודי צור עזי מחסי באלהים׃
Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.
בטחו בו בכל עת עם שפכו לפניו לבבכם אלהים מחסה לנו סלה׃
Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
אך הבל בני אדם כזב בני איש במאזנים לעלות המה מהבל יחד׃
Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
אל תבטחו בעשק ובגזל אל תהבלו חיל כי ינוב אל תשיתו לב׃
Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
אחת דבר אלהים שתים זו שמעתי כי עז לאלהים׃
Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
ולך אדני חסד כי אתה תשלם לאיש כמעשהו׃
An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete. Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.