Psalms 61

למנצח על נגינת לדוד שמעה אלהים רנתי הקשיבה תפלתי׃
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.
מקצה הארץ אליך אקרא בעטף לבי בצור ירום ממני תנחני׃
Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
כי היית מחסה לי מגדל עז מפני אויב׃
Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
אגורה באהלך עולמים אחסה בסתר כנפיך סלה׃
Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.
כי אתה אלהים שמעת לנדרי נתת ירשת יראי שמך׃
Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
ימים על ימי מלך תוסיף שנותיו כמו דר ודר׃
Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
ישב עולם לפני אלהים חסד ואמת מן ינצרהו׃
Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.
כן אזמרה שמך לעד לשלמי נדרי יום יום׃
Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.