Psalms 36

למנצח לעבד יהוה לדוד נאם פשע לרשע בקרב לבי אין פחד אלהים לנגד עיניו׃
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a.
כי החליק אליו בעיניו למצא עונו לשנא׃
Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
דברי פיו און ומרמה חדל להשכיל להיטיב׃
Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
און יחשב על משכבו יתיצב על דרך לא טוב רע לא ימאס׃
Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
יהוה בהשמים חסדך אמונתך עד שחקים׃
Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
צדקתך כהררי אל משפטך תהום רבה אדם ובהמה תושיע יהוה׃
Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
מה יקר חסדך אלהים ובני אדם בצל כנפיך יחסיון׃
Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
ירוין מדשן ביתך ונחל עדניך תשקם׃
Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
כי עמך מקור חיים באורך נראה אור׃
Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
משך חסדך לידעיך וצדקתך לישרי לב׃
Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
אל תבואני רגל גאוה ויד רשעים אל תנדני׃
Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
שם נפלו פעלי און דחו ולא יכלו קום׃
Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri. Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!