Genesis 39

ויוסף הורד מצרימה ויקנהו פוטיפר סריס פרעה שר הטבחים איש מצרי מיד הישמעאלים אשר הורדהו שמה׃
Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo.
ויהי יהוה את יוסף ויהי איש מצליח ויהי בבית אדניו המצרי׃
Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.
וירא אדניו כי יהוה אתו וכל אשר הוא עשה יהוה מצליח בידו׃
Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
וימצא יוסף חן בעיניו וישרת אתו ויפקדהו על ביתו וכל יש לו נתן בידו׃
Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.
ויהי מאז הפקיד אתו בביתו ועל כל אשר יש לו ויברך יהוה את בית המצרי בגלל יוסף ויהי ברכת יהוה בכל אשר יש לו בבית ובשדה׃
Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'.
ויעזב כל אשר לו ביד יוסף ולא ידע אתו מאומה כי אם הלחם אשר הוא אוכל ויהי יוסף יפה תאר ויפה מראה׃
Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.
ויהי אחר הדברים האלה ותשא אשת אדניו את עיניה אל יוסף ותאמר שכבה עמי׃
Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non!
וימאן ויאמר אל אשת אדניו הן אדני לא ידע אתי מה בבית וכל אשר יש לו נתן בידי׃
Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'.
איננו גדול בבית הזה ממני ולא חשך ממני מאומה כי אם אותך באשר את אשתו ואיך אעשה הרעה הגדלה הזאת וחטאתי לאלהים׃
Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye?
ויהי כדברה אל יוסף יום יום ולא שמע אליה לשכב אצלה להיות עמה׃
Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'.
ויהי כהיום הזה ויבא הביתה לעשות מלאכתו ואין איש מאנשי הבית שם בבית׃
Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la:
ותתפשהו בבגדו לאמר שכבה עמי ויעזב בגדו בידה וינס ויצא החוצה׃
Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.
ויהי כראותה כי עזב בגדו בידה וינס החוצה׃
Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò,
ותקרא לאנשי ביתה ותאמר להם לאמר ראו הביא לנו איש עברי לצחק בנו בא אלי לשכב עמי ואקרא בקול גדול׃
li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele.
ויהי כשמעו כי הרימתי קולי ואקרא ויעזב בגדו אצלי וינס ויצא החוצה׃
Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'.
ותנח בגדו אצלה עד בוא אדניו אל ביתו׃
Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.
ותדבר אליו כדברים האלה לאמר בא אלי העבד העברי אשר הבאת לנו לצחק בי׃
Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'.
ויהי כהרימי קולי ואקרא ויעזב בגדו אצלי וינס החוצה׃
Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'.
ויהי כשמע אדניו את דברי אשתו אשר דברה אליו לאמר כדברים האלה עשה לי עבדך ויחר אפו׃
Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf.
ויקח אדני יוסף אתו ויתנהו אל בית הסהר מקום אשר אסורי המלך אסורים ויהי שם בבית הסהר׃
Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon.
ויהי יהוה את יוסף ויט אליו חסד ויתן חנו בעיני שר בית הסהר׃
Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.
ויתן שר בית הסהר ביד יוסף את כל האסירם אשר בבית הסהר ואת כל אשר עשים שם הוא היה עשה׃
Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
אין שר בית הסהר ראה את כל מאומה בידו באשר יהוה אתו ואשר הוא עשה יהוה מצליח׃
Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.