Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.
S'au suit pînă la valea Eşcol, şi, după ce au iscodit ţara, au muiat inima copiilor lui Israel, şi i-au făcut să nu intre în ţara pe care le -o dădea Domnul.
Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,
,Oamenii aceştia cari s'au suit din Egipt, de la vîrsta de douăzeci de ani în sus, nu vor vedea ţara pe care am jurat că o voi da lui Avraam, lui Isaac şi lui Iacov, căci n'au urmat în totul calea Mea,
Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
Domnul S'a aprins de mînie împotriva lui Israel, şi i -a făcut să rătăcească în pustie timp de patruzeci de ani, pînă la stingerea întregului leat de oameni care făcuseră rău înaintea Domnului.
Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
Şi iată că voi luaţi locul părinţilor voştri, ca nişte odrasle de oameni păcătoşi, ca să faceţi pe Domnul să Se aprindă şi mai tare de mînie împotriva lui Israel.
Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.
Ei s'au apropiat de Moise, şi au zis: ,,Vom face aici ocoale pentru vitele noastre şi cetăţi pentru pruncii noştri:
Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen.
apoi ne vom înarma în grabă şi vom merge înaintea copiiilor lui Israel, pînă îi vom duce în locul care le este rînduit; şi pruncii noştri vor locui în aceste cetăţi întărite, din pricina locuitorilor ţării acesteia.
Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.
şi nu vom stăpîni nimic cu ei dincolo de Iordan, nici mai departe, pentrucă noi ne vom avea moştenirea noastră dincoace de Iordan, la răsărit.``
enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a.
şi dacă vă veţi întoarce înapoi numai după ce ţara va fi supusă înaintea Domnului, -atunci veţi fi fără vină înaintea Domnului şi înaintea lui Israel, şi ţinutul acesta va fi moşia voastră înaintea Domnului.
Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.
El le -a zis: ,,Dacă fiii lui Gad şi fiii lui Ruben trec cu voi Iordanul, înarmaţi cu toţii ca să lupte înaintea Domnului, după ce ţara va fi supusă înaintea voastră, să le daţi în stăpînire ţinutul Galaadului.
N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n' al goumen devan Seyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.
Vom trece înarmaţi înaintea Domnului în ţara Canaanului; dar noi să ne avem moştenirea noastră dincoace de Iordan.``
Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
Moise a dat fiilor lui Gad şi fiilor lui Ruben, şi la jumătate din seminţia lui Manase, fiul lui Iosif, împărăţia lui Sihon, împăratul Amoriţilor, şi împărăţia lui Og, împăratul Basanului, ţara cu cetăţile ei, cu ţinuturile cetăţilor ţării de jur împrejur.