Psalms 121

Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
שיר למעלות אשא עיני אל ההרים מאין יבא עזרי׃
Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
עזרי מעם יהוה עשה שמים וארץ׃
Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
אל יתן למוט רגלך אל ינום שמרך׃
Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
הנה לא ינום ולא יישן שומר ישראל׃
Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
יהוה שמרך יהוה צלך על יד ימינך׃
Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
יומם השמש לא יככה וירח בלילה׃
Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
יהוה ישמרך מכל רע ישמר את נפשך׃
L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.
יהוה ישמר צאתך ובואך מעתה ועד עולם׃