Genesis 43

Grangou t'ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an.
והרעב כבד בארץ׃
Lè fanmi Jakòb yo te fin manje ble yo te pote soti nan peyi Lejip la, Jakòb di pitit li yo: -Tounen al chache manje pou nou ankò non.
ויהי כאשר כלו לאכל את השבר אשר הביאו ממצרים ויאמר אליהם אביהם שבו שברו לנו מעט אכל׃
Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l' si nou pa vin ak ti frè nou an.
ויאמר אליו יהודה לאמר העד העד בנו האיש לאמר לא תראו פני בלתי אחיכם אתכם׃
Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou.
אם ישך משלח את אחינו אתנו נרדה ונשברה לך אכל׃
Si ou pa vle kite l' ale, n'ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parèt devan l' ankò si nou pa vin ak ti frè nou an.
ואם אינך משלח לא נרד כי האיש אמר אלינו לא תראו פני בלתי אחיכם אתכם׃
Izrayèl di: -Sa nou te bezwen di l' nou te gen yon ti frè fè? Poukisa nou fè m' sa?
ויאמר ישראל למה הרעתם לי להגיד לאיש העוד לכם אח׃
Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li?
ויאמרו שאול שאל האיש לנו ולמולדתנו לאמר העוד אביכם חי היש לכם אח ונגד לו על פי הדברים האלה הידוע נדע כי יאמר הורידו את אחיכם׃
Jida di Izrayèl, papa l', konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou.
ויאמר יהודה אל ישראל אביו שלחה הנער אתי ונקומה ונלכה ונחיה ולא נמות גם אנחנו גם אתה גם טפנו׃
Se nan men m' li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m' pa mennen l' tounen ba ou, si m' pa tounen avè l' la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri.
אנכי אערבנו מידי תבקשנו אם לא הביאתיו אליך והצגתיו לפניך וחטאתי לך כל הימים׃
Si nou pa t' pran tout reta sa a, koulye a nou ta gen tan ale nou tounen de fwa deja.
כי לולא התמהמהנו כי עתה שבנו זה פעמים׃
Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.
ויאמר אלהם ישראל אביהם אם כן אפוא זאת עשו קחו מזמרת הארץ בכליכם והורידו לאיש מנחה מעט צרי ומעט דבש נכאת ולט בטנים ושקדים׃
Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wè sa.
וכסף משנה קחו בידכם ואת הכסף המושב בפי אמתחתיכם תשיבו בידכם אולי משגה הוא׃
Pran frè nou an, tounen kote msye a.
ואת אחיכם קחו וקומו שובו אל האיש׃
M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
ואל שדי יתן לכם רחמים לפני האיש ושלח לכם את אחיכם אחר ואת בנימין ואני כאשר שכלתי שכלתי׃
Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf.
ויקחו האנשים את המנחה הזאת ומשנה כסף לקחו בידם ואת בנימן ויקמו וירדו מצרים ויעמדו לפני יוסף׃
Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l': -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m' midi a.
וירא יוסף אתם את בנימין ויאמר לאשר על ביתו הבא את האנשים הביתה וטבח טבח והכן כי אתי יאכלו האנשים בצהרים׃
Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a, li mennen mesye yo lakay li.
ויעש האיש כאשר אמר יוסף ויבא האיש את האנשים ביתה יוסף׃
Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: -Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo.
וייראו האנשים כי הובאו בית יוסף ויאמרו על דבר הכסף השב באמתחתינו בתחלה אנחנו מובאים להתגלל עלינו ולהתנפל עלינו ולקחת אתנו לעבדים ואת חמרינו׃
Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la,
ויגשו אל האיש אשר על בית יוסף וידברו אליו פתח הבית׃
yo di l': -Eskize nou wi, mèt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n' te achte manje.
ויאמרו בי אדני ירד ירדנו בתחלה לשבר אכל׃
Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l' tounen wi.
ויהי כי באנו אל המלון ונפתחה את אמתחתינו והנה כסף איש בפי אמתחתו כספנו במשקלו ונשב אתו בידנו׃
Nou pote lòt lajan tout pou n' ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankò.
וכסף אחר הורדנו בידנו לשבר אכל לא ידענו מי שם כספנו באמתחתינו׃
Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
ויאמר שלום לכם אל תיראו אלהיכם ואלהי אביכם נתן לכם מטמון באמתחתיכם כספכם בא אלי ויוצא אלהם את שמעון׃
Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.
ויבא האיש את האנשים ביתה יוסף ויתן מים וירחצו רגליהם ויתן מספוא לחמריהם׃
Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avè l'.
ויכינו את המנחה עד בוא יוסף בצהרים כי שמעו כי שם יאכלו לחם׃
Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
ויבא יוסף הביתה ויביאו לו את המנחה אשר בידם הביתה וישתחוו לו ארצה׃
Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvèl li non? Li la toujou? Li byen?
וישאל להם לשלום ויאמר השלום אביכם הזקן אשר אמרתם העודנו חי׃
Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
ויאמרו שלום לעבדך לאבינו עודנו חי ויקדו וישתחו׃
Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l' la, li di: -Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t'ap pale m' lan? Bondye beni ou, pitit mwen.
וישא עיניו וירא את בנימין אחיו בן אמו ויאמר הזה אחיכם הקטן אשר אמרתם אלי ויאמר אלהים יחנך בני׃
Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
וימהר יוסף כי נכמרו רחמיו אל אחיו ויבקש לבכות ויבא החדרה ויבך שמה׃
Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
וירחץ פניו ויצא ויתאפק ויאמר שימו לחם׃
Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
וישימו לו לבדו ולהם לבדם ולמצרים האכלים אתו לבדם כי לא יוכלון המצרים לאכל את העברים לחם כי תועבה הוא למצרים׃
Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt.
וישבו לפניו הבכר כבכרתו והצעיר כצערתו ויתמהו האנשים איש אל רעהו׃
Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l'.
וישא משאת מאת פניו אלהם ותרב משאת בנימן ממשאת כלם חמש ידות וישתו וישכרו עמו׃