I Peter 1

耶稣基督的使徒彼得写信给那分散在本都、加拉太、加帕多家、亚细亚、庇推尼寄居的,
Se mwen menm, Pyè, apòt Jezikri, k'ap ekri lèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a men k'ap viv tankou etranje, gaye nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.
就是照父 神的先见被拣选,借著圣灵得成圣洁,以致顺服耶稣基督,又蒙他血所洒的人。愿恩惠、平安多多的加给你们。
Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n' obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.
愿颂讚归与我们主耶稣基督的父 神!他曾照自己的大怜悯,借耶稣基督从死里复活,重生了我们,叫我们有活泼的盼望,
Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.
可以得著不能朽坏、不能玷污、不能衰残、为你们存留在天上的基业。
N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la.
你们这因信蒙 神能力保守的人,必能得著所预备、到末世要显现的救恩。
Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.
因此,你们是大有喜乐;但如今,在百般的试炼中暂时忧愁,
Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo.
叫你们的信心既被试验,就比那被火试验仍然能坏的金子更显宝贵,可以在耶稣基督显现的时候得著称讚、荣耀、尊贵。
Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
你们虽然没有见过他,却是爱他;如今虽不得看见,却因信他就有说不出来、满有荣光的大喜乐;
Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l' koulye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj,
并且得著你们信心的果效,就是灵魂的救恩。
paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.
论到这救恩,那预先说你们要得恩典的众先知早已详细的寻求考察,
Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye tapral fè nou.
就是考察在他们心里基督的灵,预先证明基督受苦难,后来得荣耀,是指著什么时候,并怎样的时候。
Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la tapral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa tapral rive.
他们得了启示,知道他们所传讲(原文是服事)的一切事,不是为自己,乃是为你们。那靠著从天上差来的圣灵传福音给你们的人,现在将这些事报给你们;天使也愿意详细察看这些事。
Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.
所以要约束你们的心(原文是束上你们心中的腰),谨慎自守,专心盼望耶稣基督显现的时候所带来给你们的恩。
Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.
你们既作顺命的儿女,就不要效法从前蒙昧无知的时候那放纵私欲的样子。
Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye.
那召你们的既是圣洁,你们在一切所行的事上也要圣洁。
Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou.
因为经上记著说:「你们要圣洁,因为我是圣洁的。」
Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
你们既称那不偏待人、按各人行为审判人的主为父,就当存敬畏的心度你们在世寄居的日子,
Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a.
知道你们得赎,脱去你们祖宗所传流虚妄的行为,不是凭著能坏的金银等物,
Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.
乃是凭著基督的宝血,如同无瑕疵、无玷污的羔羊之血。
Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.
基督在创世以前是预先被 神知道的,却在这末世才为你们显现。
Bondye te chwazi l' pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou.
你们也因著他,信那叫他从死里复活、又给他荣耀的 神,叫你们的信心和盼望都在于 神。
Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l' lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.
你们既因顺从真理,洁净了自己的心,以致爱弟兄没有虚假,就当从心里(从心里:有古卷是从清洁的心)彼此切实相爱。
Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
你们蒙了重生,不是由于能坏的种子,乃是由于不能坏的种子,是借著 神活泼常存的道。
Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.
因为凡有血气的,尽都如草;他的美荣都像草上的花。草必枯干,花必凋谢;
Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe.
惟有主的道是永存的。所传给你们的福音就是这道。
Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a bon nouvèl la te pote ban nou.