I Timothy 4

Το δε Πνευμα ρητως λεγει οτι εν υστεροις καιροις θελουσιν αποστατησει τινες απο της πιστεως, προσεχοντες εις πνευματα πλανης και εις διδασκαλιας δαιμονιων,
Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
δια της υποκρισεως ψευδολογων, εχοντων την εαυτων συνειδησιν κεκαυτηριασμενην,
Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.
εμποδιζοντων τον γαμον, προσταζοντων αποχην βρωματων, τα οποια ο Θεος εκτισε δια να μεταλαμβανωσι μετα ευχαριστιας οι πιστοι και οι γνωρισαντες την αληθειαν.
Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.
Διοτι παν κτισμα Θεου ειναι καλον, και ουδεν απορριψιμον, οταν λαμβανηται μετα ευχαριστιας
Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.
διοτι αγιαζεται δια του λογου του Θεου και δια της προσευχης.
Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.
Ταυτα συμβουλευων εις τους αδελφους, θελεις εισθαι καλος διακονος του Ιησου Χριστου, εντρεφομενος εν τοις λογοις της πιστεως και της καλης διδασκαλιας, την οποιαν παρηκολουθησας.
Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.
Τους δε βεβηλους και γραωδεις μυθους παραιτου και γυμναζε σεαυτον εις την ευσεβειαν
Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.
διοτι η σωματικη γυμνασια ειναι προς ολιγον ωφελιμος αλλ η ευσεβεια ειναι προς παντα ωφελιμος, εχουσα επαγγελιαν της παρουσης ζωης και της μελλουσης.
Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.
Πιστος ο λογος και πασης αποδοχης αξιος
Sa se yon pawòl ki sèten, tout moun te dwe asepte l', yo tout te dwe kwè li.
επειδη δια τουτο και κοπιαζομεν και ονειδιζομεθα, διοτι ελπιζομεν εις τον ζωντα Θεον, οστις ειναι ο Σωτηρ παντων ανθρωπων, μαλιστα των πιστων.
Se poutèt sa ou wè n'ap travay di, n'ap goumen konsa. Paske, nou mete tout espwa nou nan Bondye vivan an k'ap sove tout moun, espesyalman moun ki gen konfyans nan li.
Παραγγελλε ταυτα και διδασκε.
Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv.
Μηδεις ας μη καταφρονη την νεοτητα σου, αλλα γινου τυπος των πιστων εις λογον, εις συναναστροφην, εις αγαπην, εις πνευμα, εις πιστιν, εις καθαροτητα.
Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
Εως να ελθω, καταγινου εις την αναγνωσιν, εις την προτροπην, εις την διδασκαλιαν
Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.
μη αμελει το χαρισμα, το οποιον ειναι εν σοι, το οποιον εδοθη εις σε δια προφητειας μετα επιθεσεως των χειρων του πρεσβυτεριου.
Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou.
Ταυτα μελετα, εις ταυτα μενε, δια να ηναι φανερα εις παντας η προκοπη σου.
Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.
Προσεχε εις σεαυτον και εις την διδασκαλιαν, επιμενε εις αυτα διοτι τουτο πραττων και σεαυτον θελεις σωσει και τους ακουοντας σε.
Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.