Psalms 87

לבני קרח מזמור שיר יסודתו בהררי קדש׃
Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
אהב יהוה שערי ציון מכל משכנות יעקב׃
Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.
נכבדות מדבר בך עיר האלהים סלה׃
Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
אזכיר רהב ובבל לידעי הנה פלשת וצור עם כוש זה ילד שם׃
Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.
ולציון יאמר איש ואיש ילד בה והוא יכוננה עליון׃
Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.
יהוה יספר בכתוב עמים זה ילד שם סלה׃
Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.
ושרים כחללים כל מעיני בך׃
Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.