Psalms 59

למנצח אל תשחת לדוד מכתם בשלח שאול וישמרו את הבית להמיתו הצילני מאיבי אלהי ממתקוממי תשגבני׃
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'.
הצילני מפעלי און ומאנשי דמים הושיעני׃
Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen!
כי הנה ארבו לנפשי יגורו עלי עזים לא פשעי ולא חטאתי יהוה׃
Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!
בלי עון ירוצון ויכוננו עורה לקראתי וראה׃
Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
ואתה יהוה אלהים צבאות אלהי ישראל הקיצה לפקד כל הגוים אל תחן כל בגדי און סלה׃
Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!
ישובו לערב יהמו ככלב ויסובבו עיר׃
Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
הנה יביעון בפיהם חרבות בשפתותיהם כי מי שמע׃
Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.
ואתה יהוה תשחק למו תלעג לכל גוים׃
Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
עזו אליך אשמרה כי אלהים משגבי׃
Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.
אלהי חסדו יקדמני אלהים יראני בשררי׃
Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.
אל תהרגם פן ישכחו עמי הניעמו בחילך והורידמו מגננו אדני׃
Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
חטאת פימו דבר שפתימו וילכדו בגאונם ומאלה ומכחש יספרו׃
Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
כלה בחמה כלה ואינמו וידעו כי אלהים משל ביעקב לאפסי הארץ סלה׃
Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
וישובו לערב יהמו ככלב ויסובבו עיר׃
Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.
המה ינועון לאכל אם לא ישבעו וילינו׃
Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.
ואני אשיר עזך וארנן לבקר חסדך כי היית משגב לי ומנוס ביום צר לי׃
Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.
עזי אליך אזמרה כי אלהים משגבי אלהי חסדי׃
Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.