Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.
Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri.
Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l' fè a.
Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t' ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l'.
Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade.
Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
Madanm lan di l': -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo.