Haggai 1

בשנת שתים לדריוש המלך בחדש הששי ביום אחד לחדש היה דבר יהוה ביד חגי הנביא אל זרבבל בן שאלתיאל פחת יהודה ואל יהושע בן יהוצדק הכהן הגדול לאמר׃
Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:
כה אמר יהוה צבאות לאמר העם הזה אמרו לא עת בא עת בית יהוה להבנות׃
-Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Seyè a!
ויהי דבר יהוה ביד חגי הנביא לאמר׃
Se poutèt sa, men mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la.
העת לכם אתם לשבת בבתיכם ספונים והבית הזה חרב׃
Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?
ועתה כה אמר יהוה צבאות שימו לבבכם על דרכיכם׃
Bon. Koulye a, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a.
זרעתם הרבה והבא מעט אכול ואין לשבעה שתו ואין לשכרה לבוש ואין לחם לו והמשתכר משתכר אל צרור נקוב׃
Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.
כה אמר יהוה צבאות שימו לבבכם על דרכיכם׃
Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a!
עלו ההר והבאתם עץ ובנו הבית וארצה בו ואכבד אמר יהוה׃
Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa.
פנה אל הרבה והנה למעט והבאתם הבית ונפחתי בו יען מה נאם יהוה צבאות יען ביתי אשר הוא חרב ואתם רצים איש לביתו׃
Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.
על כן עליכם כלאו שמים מטל והארץ כלאה יבולה׃
Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.
ואקרא חרב על הארץ ועל ההרים ועל הדגן ועל התירוש ועל היצהר ועל אשר תוציא האדמה ועל האדם ועל הבהמה ועל כל יגיע כפים׃
Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.
וישמע זרבבל בן שלתיאל ויהושע בן יהוצדק הכהן הגדול וכל שארית העם בקול יהוה אלהיהם ועל דברי חגי הנביא כאשר שלחו יהוה אלהיהם וייראו העם מפני יהוה׃
Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.
ויאמר חגי מלאך יהוה במלאכות יהוה לעם לאמר אני אתכם נאם יהוה׃
Epi, Aje, mesaje Seyè a, bay pèp la yon lòt mesaj Seyè a te ba li. Li di yo: -Seyè a fè nou konnen li la avèk nou.
ויער יהוה את רוח זרבבל בן שלתיאל פחת יהודה ואת רוח יהושע בן יהוצדק הכהן הגדול ואת רוח כל שארית העם ויבאו ויעשו מלאכה בבית יהוה צבאות אלהיהם׃
Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a,
ביום עשרים וארבעה לחדש בששי בשנת שתים לדריוש המלך׃
jou ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la.