Psalms 112

Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
הללו יה אשרי איש ירא את יהוה במצותיו חפץ מאד׃
Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
גבור בארץ יהיה זרעו דור ישרים יברך׃
Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
הון ועשר בביתו וצדקתו עמדת לעד׃
Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
זרח בחשך אור לישרים חנון ורחום וצדיק׃
Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
טוב איש חונן ומלוה יכלכל דבריו במשפט׃
Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
כי לעולם לא ימוט לזכר עולם יהיה צדיק׃
Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
משמועה רעה לא יירא נכון לבו בטח ביהוה׃
Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
סמוך לבו לא יירא עד אשר יראה בצריו׃
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
פזר נתן לאביונים צדקתו עמדת לעד קרנו תרום בכבוד׃
Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
רשע יראה וכעס שניו יחרק ונמס תאות רשעים תאבד׃