Exodus 20

Bondye pran pale, li di:
וידבר אלהים את כל הדברים האלה לאמר׃
-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
אנכי יהוה אלהיך אשר הוצאתיך מארץ מצרים מבית עבדים׃
Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
לא יהיה לך אלהים אחרים על פני׃
Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
לא תעשה לך פסל וכל תמונה אשר בשמים ממעל ואשר בארץ מתחת ואשר במים מתחת לארץ׃
Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
לא תשתחוה להם ולא תעבדם כי אנכי יהוה אלהיך אל קנא פקד עון אבת על בנים על שלשים ועל רבעים לשנאי׃
Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
ועשה חסד לאלפים לאהבי ולשמרי מצותי׃
Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
לא תשא את שם יהוה אלהיך לשוא כי לא ינקה יהוה את אשר ישא את שמו לשוא׃
Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
זכור את יום השבת לקדשו׃
N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè.
ששת ימים תעבד ועשית כל מלאכתך׃
Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
ויום השביעי שבת ליהוה אלהיך לא תעשה כל מלאכה אתה ובנך ובתך עבדך ואמתך ובהמתך וגרך אשר בשעריך׃
Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.
כי ששת ימים עשה יהוה את השמים ואת הארץ את הים ואת כל אשר בם וינח ביום השביעי על כן ברך יהוה את יום השבת ויקדשהו׃
Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
כבד את אביך ואת אמך למען יארכון ימיך על האדמה אשר יהוה אלהיך נתן לך׃
Piga nou touye moun.
לא תרצח׃
Piga nou fè adiltè.
לא תנאף׃
Piga nou pran sa ki pa pou nou.
לא תגנב׃
Piga nou bay manti sou frè parèy nou.
לא תענה ברעך עד שקר׃
Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
לא תחמד בית רעך לא תחמד אשת רעך ועבדו ואמתו ושורו וחמרו וכל אשר לרעך׃
Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
וכל העם ראים את הקולת ואת הלפידם ואת קול השפר ואת ההר עשן וירא העם וינעו ויעמדו מרחק׃
Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri.
ויאמרו אל משה דבר אתה עמנו ונשמעה ואל ידבר עמנו אלהים פן נמות׃
Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
ויאמר משה אל העם אל תיראו כי לבעבור נסות אתכם בא האלהים ובעבור תהיה יראתו על פניכם לבלתי תחטאו׃
Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.
ויעמד העם מרחק ומשה נגש אל הערפל אשר שם האלהים׃
Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou.
ויאמר יהוה אל משה כה תאמר אל בני ישראל אתם ראיתם כי מן השמים דברתי עמכם׃
Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'.
לא תעשון אתי אלהי כסף ואלהי זהב לא תעשו לכם׃
N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.
מזבח אדמה תעשה לי וזבחת עליו את עלתיך ואת שלמיך את צאנך ואת בקרך בכל המקום אשר אזכיר את שמי אבוא אליך וברכתיך׃
Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n'a pran pou fè l' la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò.
ואם מזבח אבנים תעשה לי לא תבנה אתהן גזית כי חרבך הנפת עליה ותחללה׃
Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lòtèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.
ולא תעלה במעלת על מזבחי אשר לא תגלה ערותך עליו׃