Mark 16

Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi.
过了安息日,抹大拉的马利亚和雅各的母亲马利亚并撒罗米,买了香膏要去膏耶稣的身体。
Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a.
七日的第一日清早,出太阳的时候,她们来到坟墓那里,
Yonn t'ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
彼此说:谁给我们把石头从墓门滚开呢?
Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.
那石头原来很大,她们抬头一看,却见石头已经滚开了。
Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè.
她们进了坟墓,看见一个少年人坐在右边,穿著白袍,就甚惊恐。
Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.
那少年人对他们说:不要惊恐!你们寻找那钉十字架的拿撒勒人耶稣,他已经复活了,不在这里。请看安放他的地方。
Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a.
你们可以去告诉他的门徒和彼得,说:他在你们以先往加利利去。在那里你们要见他,正如他从前所告诉你们的。
Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.
她们就出来,从坟墓那里逃跑,又发抖又惊奇,什么也不告诉人,因为她们害怕。
Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)
在七日的第一日清早,耶稣复活了,就先向抹大拉的马利亚显现。耶稣从她身上曾赶出七个鬼。
Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye.
他去告诉那向来跟随耶稣的人;那时他们正哀恸哭泣。
Men, yo pa t' vle kwè Mari, lè l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l' ak de je mwen.
他们听见耶稣活了,被马利亚看见,却是不信。
Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.
这事以后,门徒中间有两个人往乡下去。走路的时候,耶稣变了形像,向他们显现。
Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t' ankò vle kwè toujou.
他们就去告诉其余的门徒;其余的门徒也是不信。
Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
后来,十一个门徒坐席的时候,耶稣向他们显现,责备他们不信,心里刚硬,因为他们不信那些在他复活以后看见他的人。
Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
他又对他们说:你们往普天下去,传福音给万民(万民:原文是凡受造的)听。
Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
信而受洗的,必然得救;不信的,必被定罪。
Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
信的人必有神迹随著他们,就是奉我的名赶鬼;说新方言;
Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
手能拿蛇;若喝了什么毒物,也必不受害;手按病人,病人就必好了。
Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
主耶稣和他们说完了话,后来被接到天上,坐在 神的右边。
Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
门徒出去,到处宣传福音。主和他们同工,用神迹随著,证实所传的道。阿们!