Hebrews 1

Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.
 神既在古时借著众先知多次多方的晓谕列祖,
Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.
就在这末世借著他儿子晓谕我们;又早已立他为承受万有的,也曾借著他创造诸世界。
Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
他是 神荣耀所发的光辉,是 神本体的真像,常用他权能的命令托住万有。他洗净了人的罪,就坐在高天至大者的右边。
Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.
他所承受的名,既比天使的名更尊贵,就远超过天使。
Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.
所有的天使, 神从来对那一个说,你是我的儿子,我今日生你?又指著那一个说:我要作他的父,他要作我的子?
Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
再者, 神使长子到世上来的时候(或作: 神再使长子到世上来的时候),就说: 神的使者都要拜他。
Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.
论到使者,又说: 神以风为使者,以火焰为仆役;
Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
论到子却说: 神啊,你的宝座是永永远远的;你的国权是正直的。
Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
你喜爱公义,恨恶罪恶;所以 神,就是你的 神,用喜乐油膏你,胜过膏你的同伴;
Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
又说:主啊,你起初立了地的根基;天也是你手所造的。
Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.
天地都要灭没,你却要长存。天地都要像衣服渐渐旧了;
W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
你要将天地捲起来,像一件外衣,天地就都改变了。惟有你永不改变;你的年数没有穷尽。
Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
所有的天使, 神从来对那一个说:你坐在我的右边,等我使你仇敌作你的脚凳?
Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.
天使岂不都是服役的灵、奉差遣为那将要承受救恩的人效力吗?