Micah 5

成群的民(原文是女子)哪,现在你要聚集成队;因为仇敌围攻我们,要用杖击打以色列审判者的脸。
Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'.
伯利恒、以法他啊,你在犹大诸城中为小,将来必有一位从你那里出来,在以色列中为我作掌权的;他的根源从亘古,从太初就有。
Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
耶和华必将以色列人交付敌人,直等那生产的妇人生下子来。那时掌权者(原文是他)其余的弟兄必归到以色列人那里。
Se konsa, Seyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la.
他必起来,倚靠耶和华的大能,并耶和华─他 神之名的威严,牧养他的羊群。他们要安然居住;因为他必日见尊大,直到地极。
Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.
这位必作我们的平安。当亚述人进入我们的地境,践踏宫殿的时候,我们就立起七个牧者,八个首领攻击他。
L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.
他们必用刀剑毁坏亚述地和宁录地的关口。亚述人进入我们的地境践踏的时候,他必拯救我们。
Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo.
雅各余剩的人必在多国的民中,如从耶和华那里降下的露水,又如甘霖降在草上;不仗赖人力,也不等候世人之功。
Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.
雅各余剩的人必在多国多民中,如林间百兽中的狮子,又如少壮狮子在羊群中。他若经过就必践踏撕裂,无人搭救。
Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo.
愿你的手举起,高过敌人!愿你的仇敌都被剪除!
Izrayèl va leve kont lènmi li yo, l'a disparèt yo nèt.
耶和华说:到那日,我必从你中间剪除马匹,毁坏车辆,
Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo.
也必从你国中除灭城邑,拆毁一切的保障,
M'ap detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo.
又必除掉你手中的邪术;你那里也不再有占卜的。
M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò.
我必从你中间除灭雕刻的偶像和柱像,你就不再跪拜自己手所造的。
M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò.
我必从你中间拔出木偶,又毁灭你的城邑。
M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo.
我也必在怒气和忿怒中向那不听从的列国施报。
Lè sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pa t' obeyi m' yo.