I Timothy 3

人若想要得监督的职分,就是羨慕善工。这话是可信的。
Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay.
作监督的,必须无可指责,只作一个妇人的丈夫,有节制,自守,端正,乐意接待远人,善于教导;
Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a.
不因酒滋事,不打人,只要温和,不争竞,不贪财;
Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan.
好好管理自己的家,使儿女凡事端庄顺服(或作:端端庄庄地使儿女顺服)。
Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè.
人若不知道管理自己的家,焉能照管 神的教会呢?
Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a?
初入教的不可作监督,恐怕他自高自大,就落在魔鬼所受的刑罚里。
Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan.
监督也必须在教外有好名声,恐怕被人毁谤,落在魔鬼的网罗里。
Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan.
作执事的,也是如此:必须端庄,不一口两舌,不好喝酒,不贪不义之财;
Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.
要存清洁的良心,固守真道的奥祕。
Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.
这等人也要先受试验,若没有可责之处,然后叫他们作执事。
Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.
女执事(原文是女人)也是如此:必须端庄,不说谗言,有节制,凡事忠心。
Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.
执事只要作一个妇人的丈夫,好好管理儿女和自己的家。
Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.
因为善作执事的,自己就得到美好的地步,并且在基督耶稣里的真道上大有胆量。
Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
我指望快到你那里去,所以先将这些事写给你。
M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.
倘若我耽延日久,你也可以知道在 神的家中当怎样行。这家就是永生 神的教会,真理的柱石和根基。
Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.
大哉,敬虔的奥祕!无人不以为然:就是 神在肉身显现,被圣灵称义(或作:在灵性称义),被天使看见,被传于外邦,被世人信服,被接在荣耀里。
Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.