I Timothy 2

我劝你,第一要为万人恳求、祷告、代求、祝谢;
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo.
为君王和一切在位的,也该如此,使我们可以敬虔、端正、平安无事的度日。
Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
这是好的,在 神我们救主面前可蒙悦纳。
Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.
他愿意万人得救,明白真道。
Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.
因为只有一位 神,在 神和人中间,只有一位中保,乃是降世为人的基督耶稣;
Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.
他舍自己作万人的赎价,到了时候,这事必证明出来。
Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.
我为此奉派作传道的,作使徒,作外邦人的师傅,教导他们相信,学习真道。我说的是真话,并不是谎言。
Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.
我愿男人无忿怒,无争论(或作:疑惑),举起圣洁的手,随处祷告。
Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.
又愿女人廉耻、自守,以正派衣裳为妆饰,不以编发、黄金、珍珠,和贵价的衣裳为妆饰;
Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.
只要有善行,这才与自称是敬 神的女人相宜。
Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.
女人要沉静学道,一味的顺服。
Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon.
我不许女人讲道,也不许她辖管男人,只要沉静。
Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil.
因为先造的是亚当,后造的是夏娃;
Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev.
且不是亚当被引诱,乃是女人被引诱,陷在罪里。
Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.
然而,女人若常存信心、爱心,又圣洁自守,就必在生产上得救。
Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.