Psalms 4

למנצח בנגינות מזמור לדוד בקראי ענני אלהי צדקי בצר הרחבת לי חנני ושמע תפלתי׃
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.
בני איש עד מה כבודי לכלמה תאהבון ריק תבקשו כזב סלה׃
Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
ודעו כי הפלה יהוה חסיד לו יהוה ישמע בקראי אליו׃
Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
רגזו ואל תחטאו אמרו בלבבכם על משכבכם ודמו סלה׃
Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.
זבחו זבחי צדק ובטחו אל יהוה׃
Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
רבים אמרים מי יראנו טוב נסה עלינו אור פניך יהוה׃
Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!
נתתה שמחה בלבי מעת דגנם ותירושם רבו׃
Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!
בשלום יחדו אשכבה ואישן כי אתה יהוה לבדד לבטח תושיבני׃
Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason. Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.