Amos 7

כה הראני אדני יהוה והנה יוצר גבי בתחלת עלות הלקש והנה לקש אחר גזי המלך׃
Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò.
והיה אם כלה לאכול את עשב הארץ ואמר אדני יהוה סלח נא מי יקום יעקב כי קטן הוא׃
Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.
נחם יהוה על זאת לא תהיה אמר יהוה׃
Seyè a chanje lide. Li di: -Sa ou te wè a p'ap rive ankò.
כה הראני אדני יהוה והנה קרא לרב באש אדני יהוה ותאכל את תהום רבה ואכלה את החלק׃
Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.
ואמר אדני יהוה חדל נא מי יקום יעקב כי קטן הוא׃
Mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.
נחם יהוה על זאת גם היא לא תהיה אמר אדני יהוה׃
Seyè a chanje lide, li di: -Sa a tou p'ap rive.
כה הראני והנה אדני נצב על חומת אנך ובידו אנך׃
Se konsa, Seyè a fè m' fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a te kanpe bò yon mi yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l'.
ויאמר יהוה אלי מה אתה ראה עמוס ואמר אנך ויאמר אדני הנני שם אנך בקרב עמי ישראל לא אוסיף עוד עבור לו׃
Lè sa a, Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: -Yon filaplon. Lè sa a, li di m': -M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m' fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò.
ונשמו במות ישחק ומקדשי ישראל יחרבו וקמתי על בית ירבעם בחרב׃
Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m' sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.
וישלח אמציה כהן בית אל אל ירבעם מלך ישראל לאמר קשר עליך עמוס בקרב בית ישראל לא תוכל הארץ להכיל את כל דבריו׃
Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.
כי כה אמר עמוס בחרב ימות ירבעם וישראל גלה יגלה מעל אדמתו׃
Men sa l'ap mache di: Jewoboram gen pou l' mouri nan lagè. Y'ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y'ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje.
ויאמר אמציה אל עמוס חזה לך ברח לך אל ארץ יהודה ואכל שם לחם ושם תנבא׃
Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!
ובית אל לא תוסיף עוד להנבא כי מקדש מלך הוא ובית ממלכה הוא׃
Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.
ויען עמוס ויאמר אל אמציה לא נביא אנכי ולא בן נביא אנכי כי בוקר אנכי ובולס שקמים׃
Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.
ויקחני יהוה מאחרי הצאן ויאמר אלי יהוה לך הנבא אל עמי ישראל׃
Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.
ועתה שמע דבר יהוה אתה אמר לא תנבא על ישראל ולא תטיף על בית ישחק׃
Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo.
לכן כה אמר יהוה אשתך בעיר תזנה ובניך ובנתיך בחרב יפלו ואדמתך בחבל תחלק ואתה על אדמה טמאה תמות וישראל גלה יגלה מעל אדמתו׃
Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.