Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.
Gospodin mu dade u ruke Jojakima, kralja judejskog, i dio predmeta iz Doma Božjega; on ih dopremi u zemlju Šinear i pohrani predmete u riznici svojih bogova.
Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.
Kralj naredi Ašfenazu, starješini svojih dvorjanika, da dovede od Izraelaca nekoliko dječaka kraljevskoga ili velikaškog roda:
Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.
neka budu bez nedostatka, lijepi, vrsni u svakoj mudrosti, dobro poučeni i bistri, prikladni da stoje na kraljevu dvoru; Ašfenaz neka ih nauči pismu i jeziku Kaldejaca.
Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li.
Kralj im odredi dnevni obrok od kraljevskih jela i od vina sa svoga stola. Neka se odgajaju tri godine, a poslije toga imali bi stajati pred kraljem.
Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
Daniel je u srcu odlučio da se neće okaljati kraljevim jelima i vinom s njegova stola, pa zamoli dvorjaničkog starješinu da ga poštedi te se ne okalja.
Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m'.
Starješina reče Danielu: "Bojim se svoga gospodara kralja; on vam je odredio jelo i pilo, pa ako vidi da su vam lica mršavija nego u drugih dječaka vaše dobi, ja ću zbog vas biti kriv pred kraljem."
Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
Ovoj četvorici dječaka dade Bog znanje i razumijevanje svih knjiga i mudrosti. Daniel razumijevaše viđenja i sne.
Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t' jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a.
Kralj razgovaraše s njima i među svima ne nađe se nijedan kao Daniel, Hananija, Mišael i Azarja. I tako oni ostadoše pred kraljem.
Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.
I u svemu mudrom i umnom o čemu ih ispitivaše kralj nađe da su deset puta vrsniji od svih čarobnika i gatalaca što ih bijaše u svem njegovu kraljevstvu.