Titus 2

但你所讲的总要合乎那纯正的道理。
Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la.
劝老年人要有节制、端庄、自守,在信心、爱心、忍耐上都要纯全无疵。
Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans.
又劝老年妇人,举止行动要恭敬,不说谗言,不给酒作奴仆,用善道教训人,
Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.
好指教少年妇人,爱丈夫,爱儿女,
Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,
谨守,贞洁,料理家务,待人有恩,顺服自己的丈夫,免得 神的道理被毁谤。
ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.
又劝少年人要谨守。
Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.
你自己凡事要显出善行的榜样;在教训上要正直、端庄,
Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.
言语纯全,无可指责,叫那反对的人,既无处可说我们的不是,便自觉羞愧。
Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.
劝仆人要顺服自己的主人,凡事讨他的喜欢,不可顶撞他,
Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo.
不可私拿东西;要显为忠诚,以致凡事尊荣我们救主 神的道。
Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.
因为 神救众人的恩典已经显明出来,
Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.
教训我们除去不敬虔的心和世俗的情欲,在今世自守、公义、敬虔度日,
Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.
等候所盼望的福,并等候至大的 神和我们(或作: 神─我们)救主耶稣基督的荣耀显现。
Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
他为我们舍了自己,要赎我们脱离一切罪恶,又洁净我们,特作自己的子民,热心为善。
Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
这些事你要讲明,劝戒人,用各等权柄责备人;不可叫人轻看你。
Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.