Psalms 141

(大卫的诗。)耶和华啊,我曾求告你,求你快快临到我这里!我求告你的时候,愿你留心听我的声音!
Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
愿我的祷告如香陈列在你面前!愿我举手祈求,如献晚祭!
Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
耶和华啊,求你禁止我的口,把守我的嘴!
Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
求你不叫我的心偏向邪恶,以致我和作孽的人同行恶事;也不叫我吃他们的美食。
Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
任凭义人击打我,这算为仁慈;任凭他责备我,这算为头上的膏油;我的头不要躲闪。正在他们行恶的时候,我仍要祈祷。
Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
他们的审判官被扔在巖下;众人要听我的话,因为这话甘甜。
Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
我们的骨头散在墓旁,好像人耕田、刨地的土块。
Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
主─耶和华啊,我的眼目仰望你;我投靠你,求你不要将我撇得孤苦!
Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!
求你保护我脱离恶人为我设的网罗和作孽之人的圈套!
Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
愿恶人落在自己的网里,我却得以逃脱。
Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!