Jeremiah 6

便雅悯人哪,你们要逃出耶路撒冷,在提哥亚吹角,在伯‧哈基琳立号旗;因为有灾祸与大毁灭从北方张望。
Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.
那秀美娇嫩的锡安女子(就是指民的意思),我必剪除。
Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.
牧人必引他们的羊群到她那里,在她周围支搭帐棚,各在自己所占之地使羊吃草。
Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.
你们要准备攻击她。起来吧,我们可以趁午时上去。哀哉!日已渐斜,晚影拖长了。
Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa.
起来吧,我们夜间上去,毁坏她的宫殿。
Leve non! Ann al atake l' gwo lannwit. Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo.
因为万军之耶和华如此说:你们要砍伐树木,筑垒攻打耶路撒冷。这就是那该罚的城,其中尽是欺压。
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: -Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.
井怎样涌出水来,这城也照样涌出恶来;在其间常听见有强暴毁灭的事,病患损伤也常在我面前。
Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
耶路撒冷啊,你当受教,免得我心与你生疏,免得我使你荒凉,成为无人居住之地。
Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.
万军之耶和华曾如此说:敌人必掳尽以色列剩下的民,如同摘净葡萄一样。你要像摘葡萄的人摘了又摘,回手放在筐子里。
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.
现在我可以向谁说话作见证,使他们听呢?他们的耳朵未受割礼,不能听见。看哪,耶和华的话他们以为羞辱,不以为喜悦。
Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.
因此我被耶和华的忿怒充满,难以含忍。我要倾在街中的孩童和聚会的少年人身上,连夫带妻,并年老的与日子满足的都必被擒拿。
Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.
他们的房屋、田地,和妻子都必转归别人;我要伸手攻击这地的居民。这是耶和华说的。
Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
因为他们从最小的到至大的都一味地贪婪,从先知到祭司都行事虚谎。
Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
他们轻轻忽忽地医治我百姓的损伤,说:平安了!平安了!其实没有平安。
Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.
他们行可憎的事知道惭愧吗?不然,他们毫不惭愧,也不知羞耻。因此,他们必在仆倒的人中仆倒;我向他们讨罪的时候,他们必致跌倒。这是耶和华说的。
Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
耶和华如此说:你们当站在路上察看,访问古道,哪是善道,便行在其间;这样,你们心里必得安息。他们却说:我们不行在其间。
Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
我设立守望的人照管你们,说:要听角声。他们却说:我们不听。
Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.
列国啊,因此你们当听!会众啊,要知道他们必遭遇的事。
Se poutèt sa, Seyè a di ankò: -Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an.
地啊,当听!我必使灾祸临到这百姓,就是他们意念所结的果子;因为他们不听从我的言语,至于我的训诲(或译:律法),他们也厌弃了。
Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
从示巴出的乳香,从远方出的菖蒲(或译:甘蔗)奉来给我有何益呢?你们的燔祭不蒙悦纳;你们的平安祭,我也不喜悦。
Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.
所以耶和华如此说:我要将绊脚石放在这百姓前面。父亲和儿子要一同跌在其上;邻舍与朋友也都灭亡。
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou.
耶和华如此说:看哪,有一种民从北方而来,并有一大国被激动,从地极来到。
Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.
他们拿弓和枪,性情残忍,不施怜悯;他们的声音像海浪匉訇。锡安城(原文是女子)啊,他们骑马都摆队伍,如上战场的人要攻击你。
Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
我们听见他们的风声,手就发软;痛苦将我们抓住,疼痛彷彿产难的妇人。
Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
你们不要往田野去,也不要行在路上,因四围有仇敌的刀剑和惊吓。
Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.
我民(原文是民女)哪,应当腰束麻布,滚在灰中。你要悲伤,如丧独生子痛痛哭号,因为灭命的要忽然临到我们。
Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.
我使你在我民中为高台(或译:试验人的),为保障,使你知道试验他们的行动。
Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.
他们都是极悖逆的,往来谗谤人。他们是铜是铁,都行坏事。
Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.
风箱吹火,铅被烧毁;他们炼而又炼,终是徒然;因为恶劣的还未除掉。
Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt.
人必称他们为被弃的银渣,因为耶和华已经弃掉他们。
Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.