Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.
Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.
Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l' travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak.
Lè mwen fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la.
Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.
Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase.
Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.
Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pa t' ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa!
Apre sa, mwen ban nou tè nou pa t' janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pa t' janm bati. Se la nou rete koulye a. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pa t' plante, oliv nan pye oliv nou pa t' plante.
Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.
Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo.
Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.
Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.
Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou.
Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!
Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.
Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l' sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l' lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.