Psalms 120

שיר המעלות אל יהוה בצרתה לי קראתי ויענני׃
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.
יהוה הצילה נפשי משפת שקר מלשון רמיה׃
Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
מה יתן לך ומה יסיף לך לשון רמיה׃
Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?
חצי גבור שנונים עם גחלי רתמים׃
Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?
אויה לי כי גרתי משך שכנתי עם אהלי קדר׃
Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
רבת שכנה לה נפשי עם שונא שלום׃
Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
אני שלום וכי אדבר המה למלחמה׃
Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.