Psalms 12

Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David.
Help, LORD; for the godly man ceaseth; for the faithful fail from among the children of men.
vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
They speak vanity every one with his neighbour: with flattering lips and with a double heart do they speak.
Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
The LORD shall cut off all flattering lips, and the tongue that speaketh proud things:
Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
Who have said, With our tongue will we prevail; our lips are our own: who is lord over us?
Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
For the oppression of the poor, for the sighing of the needy, now will I arise, saith the LORD; I will set him in safety from him that puffeth at him.
Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
The words of the LORD are pure words: as silver tried in a furnace of earth, purified seven times.
Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.
Thou shalt keep them, O LORD, thou shalt preserve them from this generation for ever.
Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen! Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.
The wicked walk on every side, when the vilest men are exalted.