Hosea 1

当乌西雅、约坦、亚哈斯、希西家作犹大王,约阿施的儿子耶罗波安作以色列王的时候,耶和华的话临到备利的儿子何西阿。
Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
耶和华初次与何西阿说话,对他说:「你去娶淫妇为妻,也收那从淫乱所生的儿女;因为这地大行淫乱,离弃耶和华。」
Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.
于是,何西阿去娶了滴拉音的女儿歌篾。这妇人怀孕,给他生了一个儿子。
Se konsa, Oze leve, li al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.
耶和华对何西阿说:「给他起名叫耶斯列;因为再过片时,我必讨耶户家在耶斯列杀人流血的罪,也必使以色列家的国灭绝。
Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.
到那日,我必在耶斯列平原折断以色列的弓。」
Jou sa a, m'ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.
歌篾又怀孕生了一个女儿,耶和华对何西阿说:「给她起名叫罗路哈玛(就是不蒙怜悯的意思);因为我必不再怜悯以色列家,决不赦免他们。
Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo.
我却要怜悯犹大家,使他们靠耶和华─他们的 神得救,不使他们靠弓、刀、争战、马匹,与马兵得救。」
Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l' ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.
歌篾给罗路哈玛断奶以后,又怀孕生了一个儿子。
Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.
耶和华说:「给他起名叫罗阿米(就是非我民的意思);因为你们不作我的子民,我也不作你们的 神。」
Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
然而,以色列的人数必如海沙,不可量,不可数。从前在什么地方对他们说「你们不是我的子民」,将来在那里必对他们说「你们是永生 神的儿子。」
Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.
犹大人和以色列人必一同聚集,为自己立一个首领,从这地上去(或译:从被掳之地上来),因为耶斯列的日子必为大日。
Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.