Matthew 16

The Pharisees also with the Sadducees came, and tempting desired him that he would shew them a sign from heaven.
Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.
He answered and said unto them, When it is evening, ye say, It will be fair weather: for the sky is red.
Jezi reponn yo: Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l'ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj.
And in the morning, It will be foul weather to day: for the sky is red and lowring. O ye hypocrites, ye can discern the face of the sky; but can ye not discern the signs of the times?
Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?
A wicked and adulterous generation seeketh after a sign; and there shall no sign be given unto it, but the sign of the prophet Jonas. And he left them, and departed.
Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
And when his disciples were come to the other side, they had forgotten to take bread.
Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.
Then Jesus said unto them, Take heed and beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees.
Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.
And they reasoned among themselves, saying, It is because we have taken no bread.
Disip yo yonn t'ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.
Which when Jesus perceived, he said unto them, O ye of little faith, why reason ye among yourselves, because ye have brought no bread?
Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Do ye not yet understand, neither remember the five loaves of the five thousand, and how many baskets ye took up?
Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?
Neither the seven loaves of the four thousand, and how many baskets ye took up?
Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa?
How is it that ye do not understand that I spake it not to you concerning bread, that ye should beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees?
Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?
Then understood they how that he bade them not beware of the leaven of bread, but of the doctrine of the Pharisees and of the Sadducees.
Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.
When Jesus came into the coasts of Caesarea Philippi, he asked his disciples, saying, Whom do men say that I the Son of man am?
Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?
And they said, Some say that thou art John the Baptist: some, Elias; and others, Jeremias, or one of the prophets.
Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.
He saith unto them, But whom say ye that I am?
Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?
And Simon Peter answered and said, Thou art the Christ, the Son of the living God.
Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
And Jesus answered and said unto him, Blessed art thou, Simon Bar–jona: for flesh and blood hath not revealed it unto thee, but my Father which is in heaven.
Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
And I say also unto thee, That thou art Peter, and upon this rock I will build my church; and the gates of hell shall not prevail against it.
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
And I will give unto thee the keys of the kingdom of heaven: and whatsoever thou shalt bind on earth shall be bound in heaven: and whatsoever thou shalt loose on earth shall be loosed in heaven.
M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
Then charged he his disciples that they should tell no man that he was Jesus the Christ.
Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.
From that time forth began Jesus to shew unto his disciples, how that he must go unto Jerusalem, and suffer many things of the elders and chief priests and scribes, and be killed, and be raised again the third day.
Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Then Peter took him, and began to rebuke him, saying, Be it far from thee, Lord: this shall not be unto thee.
Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.
But he turned, and said unto Peter, Get thee behind me, Satan: thou art an offence unto me: for thou savourest not the things that be of God, but those that be of men.
Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Then said Jesus unto his disciples, If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross, and follow me.
Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.
For whosoever will save his life shall lose it: and whosoever will lose his life for my sake shall find it.
Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
For what is a man profited, if he shall gain the whole world, and lose his own soul? or what shall a man give in exchange for his soul?
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?
For the Son of man shall come in the glory of his Father with his angels; and then he shall reward every man according to his works.
Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Verily I say unto you, There be some standing here, which shall not taste of death, till they see the Son of man coming in his kingdom.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.