Psalms 131

שיר המעלות לדוד יהוה לא גבה לבי ולא רמו עיני ולא הלכתי בגדלות ובנפלאות ממני׃
Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
אם לא שויתי ודוממתי נפשי כגמל עלי אמו כגמל עלי נפשי׃
Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
יחל ישראל אל יהוה מעתה ועד עולם׃
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.